JOPH - Organisation des Jeunes Philanthropes Haïtiens

JOPH - Organisation des Jeunes Philanthropes Haïtiens Une Organisation à base:
- Sociologie
- Éducatif
- Scientifique
- Philosophique etc.. Située à Guérin, Léogane Haïti. Tel. 3740-6550

09/10/2025

"Jérémie"
Ansyen vil Jérémie te rele "Vieux Bourg de la Grand" Anse"li te nan zone Testas jis lan ane 1756,lan ane 1754 Vieux Bourg te detwi akoz yon gwo siklòn,2 lane apre pirat anglè yo vinn piye rès vil la .Apre sa rès moun kitap viv Vieux Bourg yo te oblije kite Testas pou yo te al zone Voldròg. Lè moun yo rive Voldròg yo jwenn yon francais kite rele Jeremie ki te konn peche pwason nan zone Voldrog.zone lan vinn rele "Trou Jérémie".
Premye plan vil Jérémie an te fèt par yon apantè ki te rele Desnoyelle.
Dezyèm plan vil lan te fèt par yon lòt apantè yo te rele Vautreuil Laporte nan lane 1760.
Premye konstriksyon yo te kòmanse nan Fontaine Mangot.Youn nan premye fanmi ki tap viv Jérémie se la Famille Boncy.
Premye ri yo te trase yo se te :Ri la marine oubyen ri di komès,ke yo te vinn rele Granri.
Dezyèm ri ,ri filozòf ke yo te vinn rele Fond Augustin.
Twazyèm lan Rue des Philanthropes ke yo te vinn rele Rue Eugène Magron....
Vil Jeremie te konnen anpil dife tankou:dife an 1876,1884,1885 ,dife 1885 lan finn efase tout tras ansyen vil Jérémie.Vil Jérémie te gen pò kite ouvri pou komès exteryè nan ane 1807.Jean- Baptiste Perrier,anpil moun konnen sou nom Goman te fè opozisyon kont gouvènman Potoprins ,menm Roi Henry Christophe te rele Goman ,Comte de Jérémie.
7 mas 1812,Jérémie te vinn soti sou kontwòl gouvènman Sid la ,yo te al jwenn gouvènman Petion pito ,lè sa te gen kolonèl Pierre Henry ki tap dirije 18 èm lan .
Lè Boyer te pran lè zam kont prezidan Salomon ,Jérémie te vinn fe alians ak insuje yo le 28 me 1883,te gen senatè Kerlegran ki tap ankouranje mouvman an.
Jérémie te vinn selèb apre Prezidan Francois Duvalier te fè masakre kek abitan nan vil Jérémie ke yo te di ki se konspiratè ,sa te pase nan aprèmidi 5 out 1964,sa te fè listwa yo te rele zak sa "Vêpres Jérémiennes".
Jérémie pat selman detwi ak dife ,li te konn anpil siklòn tou,tankou:
-Siklon 1772,1775,1781,
-28 septanm 1873
-12 septanm 1875
-Hazel 1954
-Ella 1958
-Cléo 1964
-Allen 1980
-Gordon 1994
-Matthew 2016....
Se te yon ti koze sou Jérémie.

24/09/2024
06/08/2024

5 dawout 1919, sous prezidans Surdre Dartiguenave, Leta ayisyen deklare "La Dessalinienne" Chan nasyonal peyi dAyiti.

Se nan dat 13 dawout, menm ane a, desizyon an te pibliye nan jounal ofisyèl peyi a🇭🇹
La Dessalinienne se zèv, Justin Lhérisson , otè pawòl yo ak Nicolas Geffrard, konpozitè mizik la.

05/08/2024

Kèk vil d Ayiti ak non abitan yo.

1-KwadèBoukè // Krisyen, Krisyèn
2-Akayè // Achelwa, Achelwaz
3-Pòtoprens // Pòtoprensyen, Pòtoprensyèn
4-Dèlma // Dèlmasyen, Dèlmasyèn
5-Kafou // Kafouwa, Kafouwaz
6-Petyonvil // Petyonvilwa, Petyonvilwaz
7-Kenskòf // Kenskovit
8-Gresye // Gresyewa, Gresyewaz
9-Tomazo // Tomazlè, Tomazlèz
10-Gantye // Gantyewa, Gantyewaz
11-Kòniyon // Kòniyonè, Kòniyonèz
12-Fonvèrèt // Fonveretyen, Fonveretyèn
13-Kabarè // Kabareten
14-Ansagalè // Answa, Answaz
15-Kap Ayisyen // Kapwa, Kapwaz
16-Lakil dinò // Lakilwa, Lakilwaz
17-Gran Rivyè dinò // Rivanòdè, Rivanòdèz
18-Sen Rafayèl // Rafaelwa, Rafaelwaz
19-Bòy // Bòylè, Bòylèz
20-Lenbe // Lenbeyen, Lenbeyèn
21-Milo // Milotyen, Milotyèn
22-Wanament // Wanamentè, Wanamentèz
23-Ench // Enchwa, Enchwaz
24-Mibalè // Mibalezyen, Mibalezyèn
25-LasKawobas // Laskawobasyen, syèn
26-SèkalaSous// SèkalaSousyen, syèn
27-Mayisad // Mayisadyen, Mayisadyèn
28-Tomond // Tomondwa, Tomondwaz
29-Sodo // Sodelè, Sodelèz
30-Beladè // Beladewa, Beladewaz
31-Tomasik // Tomasikwa, Tomasikwaz
32-Ansafolè // Ansafolwa; Ansafolwaz
33-Mòl Sen Nikola // Molyen, èn, Molwa, az
34-Bèdeyèn // Bèdeyènwa, yènwaz
35-Bonbadopolis // Bonbadopoliten, Politèn
36-Janrabèl // Jan Rabelyen, Jan Rabelyèn
37-Pòdepè // Pòdepezyen, Pòdepezyèn
38-LatòtI // Tòtigè, Tòtigèz
39-Mamelad // Mameladyen, Mameladyèn
40-Gonayiv // Gonayivyen, Gonayivyèn
41-Ènri // Ènwa, ènwaz
42-Lestè // Lesteryen, Lesteryèn
43-Gwo Mòn // Gwo Mònè, Gwo Mònèz
44-Answouj // Answoujyen, Answoujyèn
45-Senmak // Senmakwa, Senmakwaz
46-Vèrèt // Veretyen, Veretyèn
47-Dedin // Dedinyen, Dedinyèn
48-Desalin // Desalinyen, Desalinyèn
49-Jakmèl // Jakmelyen, Jakmelyèn
50-Leyogàn // Leyoganè, Leyoganèz

Site yon vil epi bay non abitan vil la.

🇭🇹🇭🇹

18/05/2024

Important!!!

Lejand sa ,misye rele ti manno, se yon egzanplè pou tout jèn atis,  li te mouri 13 mai 1985 , li fè bonè mizik ayisyèn n...
13/05/2024

Lejand sa ,misye rele ti manno, se yon egzanplè pou tout jèn atis, li te mouri 13 mai 1985 , li fè bonè mizik ayisyèn nan, li pase nan plizyè jazz notamman : diables du rhymes, volo volo, Astros, DP Express, gémini all stars, tout animatè kap fè emisyon jodya ta sipoze pran yon minit de silans nan memwa lejand sa .
Followers frees/abonnés gratuits
Highlights Myanmar
ESPN Fans

31/07/2023

La journaliste de carrière Lilianne Pierre-Paul est morte ce lundi 31 juillet dans l’après-midi. Information confirmée par Radio Kiskeya. Lily est morte des suites d’une crise, chez elle, alors qu’elle s’apprêtait à se rendre à la station pour la présentation du « Jounal 4è ».

19/11/2021

18 Nov 1803 - 18 Nov 2021 =218 lane depi gwo batay vètyè nou genyen an klase nou lan istwa mond la kòm premye peyi kote moun nwa viv lib e endepandan. Batay la pa fini paske nou dwe fè e genyen batay ekonomik la. An nou tout mete ansanm pou denye konba sa a abò tren Desalinyen an...

11/11/2021

11 NOV 1913 : NESANS DANIEL FIGNOLÉ

Daniel Fignolé fèt nan vil pestèl ki nan depateman grandans nan dat kite 11 novann 1913.

Daniel Fignolé se te yon pwofesè matematik nan lycée Alexandre Petion nan pòtoprens. E òm politik ki te angajel nan yon mouvman sendika, li te mete sou pye Yon mouvman nasyonal avèk Francois Duvalier. Diskou li yo te bal yon repitasyon defansè pèp ki nan klas defavorize yo.

Sou Prezidan Dumarsais Estime li te nome minis, li te antre nan Yon konfli avèk Paul Magloire ki te vin Prezidan ki fè anprizone Daniel.

Daniel Fignolé ankouraje patizan nwa li yo ki se mas la manifeste nan ri yo kòm woulo konpresè ki vin rann li pi popilè. Aprè ranvèseman Prezidan pwovizwa Franck Sylvain Yon gè sivil pete nan peyi a popilasyon an tap reklame Fignolé kòm Prezidan nan tout medya peyi a.

Konsèy egzekitif gouvèneman an deside konfye Prezidans pwoviswa a ak Daniel Fignolé ki tap menmen Yon politik anti ameriken ke yo ta pral bal koudeta sou 20 jou sou pouvwa epi egzile l Miami.

Koman nou konprann politik Daniel Fignolé a???

Via Tanbou Verite

Adresse

Guérin, Léogâne
Ville De Léogane

Téléphone

+50937406550

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque JOPH - Organisation des Jeunes Philanthropes Haïtiens publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager