25/01/2026
Kontrèman a Depite BENNY JACQUES ki fèt PÒTOPRENS (AYITI) le 24 Avril 1987 ki vini ak yon pwojè de lwa pou toupizi imigran san estati pèmanan nan USA, egalman Ayisyen, Depite AYANNA SOYINI PRESSLEY ki fèt OHIO (ETAZINI) le 03 Fevriye 1974 vini ak yon PETISYON nan chanm dè reprezantan an ki vize TPS pou 3 zan pou Ayisyen ki san estati pèmanan nan Etazini. Petisyon sa a ki bezwen 218 sinyatè (depite) pou l pase, si li rive jwenn 218 sinyati sa a, sa pral ede li konvenk chanm nan pou yo vote yon pwojè lwa pou egzije Administrasyon Trump lan renouvle TPS pou Ayisyen yo pou 3 zan. Sa kite ka pote yon souri nan kè Ayisyen k ap viv ak gwo kè sote nan Etazini k ap konte jou pou 03 Fevriye 2026 la rive pou yo pèdi estati pwoteksyon tanporè sa a yo te genyen kise TPS. N ap raple w 03 Fevriye sa a se ap anivèsè de nesans Depite AYANNA SOYINI PRESSLEY.