25/10/2024
|| Le docteur Guitto Jean après la décision du commissaire gouvernement de la cours d'appel de port au Prince sur le dossier de Marky Kessa.
*Soufri avèk kouraj Majistra Marky KESSA, pawòl la di, malè ap souvan rive jis yo men letènèl ap toujou delivre yo*.
Mwen kontan aprann atravè Gazette Haïti News ke ministè piblik nan yon rekizitwa mande kou dapèl pou akeyi favorab apèl ke anpil pèsonalite te fè pou voye jete òdonans rat manje kann zandolit Mouri inosan jij enstriksyon walter wesser VOLTAIRE te sòti kont yon seri pèsonalite nan Kad Asasina prezidan Jovnel MOÏSE, kote Advèsè politik mwen Majistra Marky KESSA te soti epingle jis paskel te nan yon demach jwenn projè ki ka ede rezoud kèk problèm vil jakmèl. Mwen salye desizyon saa kap fasilite bon limyè fèt sou dosye a, sepandan nou toujou preokipe lèn konnen veleyite yon seri sektè genyen pou politize dosye a.
Kòm nan enposiblite jij la poul te retrase ak etabli lyen yon kelkonk moun ta gen pou wè ak krim lan, li te inyore tout dokiman ki montre prezans Mapjistra Marky KESSA nan yon foto ak kèk moun ke avan li te konnen ki repite Moral pagen anyen pou wè ak asasina prezidan Jovnel MOÏSE, li pran Mapjistra a kòm bouk emisè, li pranlpou valide travay li.
Men fwa saa, nou kontan avanse saa paske majistra Marky KESSA pral gen chans pou prouve inosans li e sosyete a pral rann yo kont ke pagen yon kote yo ka prouve ke M. Marky KESSA gen yon bagay pou wè ni deprè ni de lwen ak asasina lawont zèfèyis fè sou prezidan Jovnel MOÏSE.
Mwen toujou di fòk koze rat manje kann zandolit mouri inosan fini nan peyi a. Map kontinye klame inosans Marky KESSA jiska prèv kontrè.
Pito 1000 ASASINEN ap flannen tan pou yon inosan ta fèmen nan prizon.
NOU PAP BAY VAG
Dr Guitto JEAN
Pou yon lot sidès